Lyrics.
Verse 1
Kontan kè m toujou kontannanm mwen tris poutan
Souri m pa dire lontan
Mwen bèl an menm tan m rebèl
nan je m se limyè
men lè w gade m son lanp etènn
m ape chèche w
men chak pa m fè mwen repouse w
Ref
M s on flanm dife
Men m pè boule
Kè m bat jous latè tranble
Men se apenn si m ap respire
Mwen vle vole wo menm plonje e e
Ego o o o
Alooooooo
Verse 2
koute mwen renmen koute menm pa rakonte m
Sa k andan m byen fon klete
Pa kwè m lè m di ouq mwen pa kyè
Se pè wi kè mwen pè
Sa m mande se pou malè m
M ap plante men sa m rekòlte m sabote l
Bridge
ou se Priyorite m an menm tan m neglije w
Pla men mwen lonje
Poutan mwen di w pa pwoche
Kontradiksyon
Mwen s on kontradiksyon
Ref 2
M s on flanm dife
Men m pè boule
Kè m bat jous latè tranble
Men se apenn si m ap respire
Plis m ap vole wo
Se plis m a p plonje
Ego o o o
Alooooooo
-END-
Vocal Performance: Collinx Mondesir (mCo.)
Instrumentation: Collinx Mondesir (mCo.)
Composition: Collinx Mondesir (mCo.)
Arrangement: Collinx Mondesir (mCo.)
Background Vocals: Collinx Mondesir (mCo.)
Mixing/Mastering: Jerry Jean Camille
Video Production: dezObri
Special Thanks:
Dr. Jeff Cadichon
Pierre Montas Jacquet