Lyrics.
Vwa mwen yo san eko
Paj mwen yo san yo mo
M an vi men m pa anvi
Mwen la
M santi kè m ap plonje
Pandan kò m ap flote
M fatige egziste Mwen la
M kriye andan m
Okenn son pa soti
M ap toufe e (bis)
Refren
Mwen eseye
Kache soufrans mwen
Men souri m pa ase
Silans pa ase
M dezespere
Limyè m ap etenn
Mwen vivan padan nan kè m
Koulè yo detenn
Si w wè m anfòm
Se sou lafòm
Mwen pa anfòm
Non m pa anfòm
Verse 2
Lespri mwen miyèt moso
Chak batman kè m son fado
Fado m sou do m
Mwen la
Mwen pèdi gou nan reve demen
Mwen pèdi don pou flè m boujounen
Andan mwen se demon k ap galonnen
Gen dimil vwa nan tèt mwen
K ap di m pa vo anyen
Vo anyen
Ref
Bridge
O o o o o o o o o
SOS mwen kriye
SOS m andanje
O o o o o O o o o o o o
Refren
Fen
Composition & Arrangement: Collinx Mondésir
Instrumental Production: Alens Auguste
Mixing & Mastering: Jean Jerry Camille Joseph
Video Production: Mickelson Morency