Kouplè 1
Dram yo monte pil sou pil
Lonbray kanpe imobil
Se kè n ap kenbe
Pou n pa sikonbe
Nou tonbe (bis)
N ap trennen sekèl lavi
Pandan nou pako geri
Kadav nou so do n
Tèt nou anba dlo
Nou plonje (bis)
N ap kouri nan kat chimen
Timoun tokèt lafimen
Chak rèv nou s on rèl
Lakay makorèl
N ap danse (bis)
N ap mache men n pa vanse
Papiyon yo chavire
Chak fwa nou gade
N kouri fèmen je
Nou twouble (bis)
Refren 1
Si se pèdi n pèdi
fò n chèche tèt nou
An nou remonte byen wo
byen wo nan pase nou
Repons n ap bouske yo la
yo la anba je nou
Pou tout sa nou ye
N pa merite antèman sa
Ann al chèche tèt nou (twa fwa)
Kouplè 2
Lespwa tonbe nan falèz
Respire tounen on malèz
Zepòl debwete
Nou debalanse
N ap sekwe (bis)
Relijyon kale pichon
Move mès tounen komès
Lesyèl rizibye n
Lafwa pa p sove n
Sa n ap fè
9 mèt pou yon sèl gazèl
Bouch nan tete bèl manmèl
Poutan popilas
Pa goute tikras
N aswafe (bis)
Loksidan anba gòjèt
kò gwoup chavire kabwèt
Misyon sou misyon
Men janmen demisyon
Nou pyeje (bis)
Refren 2
Si se pèdi n pèdi
fò n chèche tèt nou
An nou remonte byen wo
byen wo nan pase nou
Repons n ap bouske yo la
yo la anba je nou
Pou tout sa nou ye
N pa merite fini konsa
Ann al chèche tèt nou (twa fwa)
Pon (2fwa)
Bouske idantite n
Bouske sa ki bloke n
Tout sa k twomatize
Sa ki lakòz lèzòt manipile n
Bouske sa ki jouke n
Bouske sa demanbre n
Bouske sa k remanbre
Sa k grave nan ADN simante n
Refren 2 (2fwa)
Si se pèdi n pèdi
fò n chèche tèt nou
An nou remonte byen wo
byen wo nan pase nou
Repons n ap bouske yo la
yo la anba je nou
Pou tout sa nou ye
N pa merite fini konsa
Ann al chèche tèt nou (twa fwa)
-Fen-