Lyrics.
Lyrics
Verse I
Mwen se pitit kat chimen
Rasin mwen sot jous Lafrik Ginen
Mwen se nèg, m se Ayisyen
Mwen se pitit maswife
Mwen batize nan boukan dife
Siyati m se libète
Verse II
Mwen se pitit vag lavi
Kolon kidnape m nan paradi m
Yo anchene m pou m mouri
Mwen se gason kanson
M mawon men m pa pè goumen
Bwa Kayiman mwen te trase chimen
Pou miyò demen
Fòs nou se nan mete men
Chorus
M se pitit mòn yo
Rasin mwen long o
Mwen mache sou dlo
E mwen fann lanmè yo
Pou m pase (bis)
M se pitit BOYO
Rasin mwen long o
Mwen plante drapo m
Byen lwen anba po m
M se pitit BOYO
Bridge
M travèse van tanpet
Men mwen ret kanpe drèt
Malgre kalòt kout frèt
Mwen pa janm bese tèt
Yo tante pou m doute
Eseye pou fè m bliye
Men m kon kilès mwen ye
M se wozo, m p ap kase
Chorus (Final)
Nou se pitit mòn yo
Rasin nou long o
Nou mache sou dlo
E nou fann lanmè yo
Pou nou pase
Nou se pitit BOYO
Rasin nou long o
Mwen plante drapo m
Byen lwen anba po m
M se pitit BOYO
Vocal Performance: Collinx Mondesir (mCo.)
Instrumentation: Jerry Jean Camille
Composition: Collinx Mondesir (mCo.)
Arrangement: Collinx Mondesir (mCo.)/Jerry Jean Camille
Background Vocals: Collinx Mondesir (mCo.)
Mixing/Mastering: Jerry Jean Camille
Visuals: Mondesir Collinx