Kouplè I
Twò lontan m ap eseye men solèy pa leve
Twò lontan m ap espere men zwazo pa chante e e
Twò lontan m ape plante
Men lapli pa tonbe
mwen pa p ka rete fò m ale e e
Pakèt mwen mare deja lorizon mwen fikse
Gen yon vwa nan mwen ki di m avanse pa kanpe
Gen yon zetwal anlè a mwen prale batize l
Mwen p ap k rete fò m ale ee
Refren
Se vre m renmen peyi mwen
Men fòk mwen al pi lwen
M prale plante rèv mwen
Lòtbò dlo sou gran chimen yo o ou o
M ape kite peyi mwen
Paske m renmen tèt mwen
Destine mwen m pral kontre e (kontre e e e)
M ap kite peyi mwen
M prale cheche sa m merite e e
Prale akonpli destine mwen e e
Kouplè II
Twò lontan mape twoke kòn mwen ak lamizè
Mwen eseye mache men peyi m met gwo baryè
Mwen eseye vole men peyi m met dom atèe
Mwen pap ka rete fò m ale
Zaviwon kannòt mwen deja brake sou lanmè
Mwen pèdi tout espwa oh mwen fatige pran kè
Mwen bouke bouske limyè tout lanp peyi m etenn
Santim revolte fò m aleee
Pon
Ensekirite
Lavi m pa asire
Avni m menase
Peyi m pa ba m chans non pou m reve
O wi fò m ale e e
-FEN-