Kouplè I
Pa pè pran wout ki gen danje
Pa kite bouke fè w kanpe
Vize byen wo pa limite w
Sèlman kite rèv ou gide w
Refren
Si ou tonbe fòk ou leve
Pa janm sispann sispann reve e e e
Miray devan w yo ka tonbe
Pa jan m sispann
Sispann vanse
Bay zetwal ou chans pou li briye
oo o we o oo o we o oo o we o
Rèv ou a pa enposib non
(bis)
Kouplè II
Chèche fòs nan fèbles ou yo
Chak fwa w tonbe monte pi wo
Pa kite pèsonn ba w nivo
Se sèl ou menm ki konn sa w vo
Pon
Si w tonbe e
Fò w leve pa lage
Si ou echwe e
Toujou re e seye
(bis)
-FEN-