Multidisciplinary Creator

mCollinx

Multidisciplinary Creator

mCollinx

Release Date : Jan 1, 2024

mCo. Rasin Official Lyrics

mCo.

Multidciplinary Creator

Release Date : Jan 1, 2024

mCo. Rasin Official Lyrics

mCo.

Multidciplinary Creator

Kouplè I

Mwen se pitit kat chimen
Rasin mwen sot jous lafrik ginen
Mwen se nèg m se Ayisyen
Mwen se pitit maswife
Mwen batize nan boukan dife
Siyati m se libète

Kouplè II

Mwen se pitit vag lavi
Kolon kidnape m nan paradi m
Yo anchene m pou m mouri
Mwen se gason kanson 
M mawon men m pa pè goumen
Bwa kayiman mwen te trase chimen 
pou miyò demen
Fòs nou se nan mete men

Ref

M se pitit mòn yo
Rasin mwen long o
Mwen mache sou dlo
E mwen fann lanmè yo
Pou m pase (bis)
M se pitit BOYO
Rasin mwen long o
Mwen plante drapo m
Byen lwen anba po m
M se pitit BOYO

Pon

M travèse van tanpèt
Men mwen ret kanpe drèt
Malgre kalòt kout frèt
Mwen pa janm bese tèt
Yo tante pou m doute
Eseye pou fè m bliye
Men m kon kilès mwen ye
M se wozo m p ap kase

Ref

Nou se pitit mòn yo
Rasin nou long o
Nou mache sou dlo
E Nou fann lanmè yo
Pou nou pase (bis)
Nou se pitit BOYO
Rasin nou long o
Mwen plante drapo m
Byen lwen anba po m
M se pitit BOYO

-Fen-