Kouplè
Men l atè a
nan pousyè a
Li blayi la
Solèy kouche
N pa ranmase l
Ideyal la
Nou touye la
Li k bay nou libète , libète
San ezite n sakrifye l
Nou pa janmen antere l
Ref
Lanpèrè a mouri
L travèse baryè a
S on trajedi
Nou pèdi vizyonè a
Fondatè a mouri
Men kò li atè a
Trayizon san rezon
Nou touye l (3x)
Kouplè 2
Wete chapo
Monte drapo
Mil kout kanno
Sonnen klòch yo
Se yon ewo ki travèse
Se papa nou ki ale
Pou granmèsi
San l nou vèse
Olye mèsi
N asasinen l
Madichon rapousiv nou (pousiv nou)
Men nou pa janmen antere l
Nou kontinye sakrifye l
Pon
Nou pa janmen antere l
Plizye syèk apre
Kadav li ekspoze
Nou pa jan m antere l
Sezon yo defile
Men nanm li pa repoze
-FEN-